Enpak lang fransè genyen sou aprantisaj elèv lekòl yo ann Ayiti
Henry Christophe, ansyen wa Ayiti, te fè konnen edikasyon ap pèmèt ras la amelyore. Se yon fason pou l montre yon pèp ki edike e ki enstwi, se yon pèp ki transfòme tèt li e k ap aji avèk larezon. Se sa k fè li te bay edikasyon anpil enpòtans nan rejim li an. Malerezman, pifò nan dirijan nou yo pa t bay edikasyon tout enpòtans li genyen e sa koz sistèm edikatif ayisyen an nan yon nivo ki trè ba, sa ki anpeche timoun yo jwenn bonjan edikasyon.
Youn nan gwo pwoblèm ki afekte sistèm edikatif nou an se lang ansèyman an anpalan de fransè. Liv yo ekri an fransè, yon lang ke pifò elèv pa konprann byen paske se pa lang matènèl yo. Si edikasyon te fèt an kreyòl, sa t ap fasilite konpreyansyon elèv yo piske se lang sa yo pale e se nan lang sa yo panse tou.
Loditor te poze kèk elèv nan diferan lekòl nan peyi a kesyon sou difikilte yo jwenn nan ansèyman an kreyòl la. Men sa yo te reponn:
"Difikilte mwen rankontre nan edikasyon an fransè a sèke premyèman yon pèp ta dwe aprann nan lang matènèl li, alòske fransè pa lang matènèl nou. Pafwa, lè pou yon elèv konprann yon mo oubyen yon tèm, li oblije gen yon diksyonè nan men l pou l ap chèche definisyon chak grenn mo apa e alafen, sa ka vin deranje sans fraz la. Lòt difikilte elèv konn rankontre ankò se lè nou memorize yon bagay san nou pa konprann mesaj ki travèse ladan l lan vrèman."
- Faïtza, elèv NS4 (Institution les Nénuphars)
"Pou mwen, lefètke fransè a pa lang manman nou, li rann aprantisaj la pi fatigan. Li oblije nou fè yon efò anplis pou nou mete tout sa nou li an fransè nan lang kreyòl, menmsi se nan lespri nou, pou nou rive byen konprann."
- Daryl, elèv NS3 (Collège Saint-Jean)
"Syantifikman palan, edikasyon yon pèp dwe fèt nan lang li. Youn nan difikilte nou konn jwenn sèke nou konn mal pou n konprann kou yo akoz nou pa konprann sa yo di nou fè a, sitou nan egzèsis Matematik ak Fizik. Nou konn pa ka reponn kesyon tèks yo paske nou pa konprann sa yo mande a, sa vin lakoz nou vin esklav sa pwofesè yo fè yo. Ou gendwa ka fè egzèsis la men w pa ka esplike l. Men pi gwo difikilte a sèke lang fransè a fè nou pa ka konprann kou yo."
- Cinéas, elèv NS2 (Collège Saint Jean Baptiste de Barradère)
"Pi gwo pwoblèm edikasyon an fransè a se mank konpreyansyon elèv yo akoz liv yo pa nan lang matènèl yo ki se kreyòl. Epitou yo fòme timoun yo nan yon lang yo pa pale nan kotidyen yo."
- Calio, elèv nevyèm ane (Collège Saint Louis de Gonzague)
"Antanke ayisyen, depi nou fèt, se kreyòl paran nou pale ak nou. Se sa k fè lè kou yo ap fèt an fransè, nou pa vrèman kapab eksprime nou, nou timid pou n pale akoz laperèz nou genyen kòmkwa si n ta bay yon fransè mawon, lòt elèv yo kapab ri nou. Nan sousi pou pwofesè pa panse nou sòt, lè yo mande nou si n konprann, nou di wi pandan ke nou pa konprann vre. Donk mwen panse si edikasyon an ta fèt an kreyòl, li t ap pi bon pou elèv yo, sa ki te ka pèmèt peyi a gn plis jeni."
- Mickelson, elèv NS4 (Lycée Louis Joseph Janvier)

Apati de temwayaj senk (5) elèv sa yo, nou kapab remake lang ansèyman an ki se fransè rann lekòl pi difisil pou elèv yo paske l pouse yo fè plis efò pou yo konprann kou yo, e malgre efò yo fè, yo konn pa rive konprann. Nou panse Ministè edikasyon nasyonal dwe pran pwoblèm lang lan oserye nan refòm l ap fè yo, yon fason pou nou ka gen yon lòt tip edikasyon.
Annatandan refòm sa yo fèt, pwofesè yo bò kote pa yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo pèmèt elèv yo byen konprann kou yo lè yo evite itilize yon seri gwo tèm fransè ki pa nan nivo elèv yo. Annou valorize lang nou. Li fè pati de kilti nou, li fè pati de idantite nou antanke pèp. Antanke yon pèp ki endepandan, li lè li tan pou nou pran endepandans nou parapò ak lang kolon an e pou nou itilize lang manman nou nan nenpòt espas nou twouve n nan peyi a, kòmanse nan lekòl.
Nelson Mandela te di:"Edikasyon se zam ki pi pisan nou ka itilize pou nou chanje monn nan." Ayiti gen kontribisyon pa l pou l pote nan chanjman ki merite fèt nan monn nan. Men toudabò, ta sipoze gen yon gwo chanjman ki fèt nan sistèm edikatif nou an, kòmanse nan lang ansèyman an, pase nan itilize metòd odyovizyèl nan klas yo, tonbe nan fè bonjan pratik nan laboratwa ak elèv yo, fini nan ogmante salè pwofesè yo pou leta ba yo tout valè yo genyen. Gen anpil lòt chanjman ankò ki merite fèt yon fason pou pèp la ka resevwa bonjan edikasyon, sa ki ap pèmèt li byen jwe wòl li antanke sitwayen e ede peyi a pran chemen devlopman.
What's Your Reaction?
Like
10
Dislike
0
Love
2
Funny
0
Wow
4
Sad
0
Fache
0
Comments (0)